top of page

Radio Télé Acajou

102.7 Fm Stéréo| Canal 07 tv

Featured Posts

Kolektivite yo konplete, yon viktwa pou komin Laskawobas!

  • Writer: Radio Tele Acajous
    Radio Tele Acajous
  • Jun 19, 2017
  • 1 min read

Vandredi kite 16 jen 2016 la, sou yon solèy cho, tribinal laskawobas la te akeyi ansanm Eli pou konplete kolektivite a (Delege vil, Kazek, Azek) kite vinn prete sèman jan lwa peyi a di sa. Twa seksyon yo te reprezante pa otorite sa yo ki pral genyen pou kontwole e patisipe nan devlopman zòn pa yo. Depite Lyonel te la e te pwofite pou swete kouraj ak otorite tou nèf sa yo e pwomèt l’ap sipòte tout aksyon yo pral fè ki vize pwogrè nan zòn yo pral jere ou kontwole yo ; paske li kwè se nan travay ansanm n’ap rive devlope komin nou an tout bon. Menm jan li soti fè ak fòs viv lawòy e katèl Lawòy yo pou yo te ka prete sèman nan komin Laskawobas pandan gen lòt ki te vle se sou Tomond sa te fèt. Yon fason pou yo te ka ranfòse vye pawòl ki ta fè kwè ke lawòy se 4è seksyon Tomond. Kolektivite yo konplete, yon viktwa pou komin Laskawobas.

Biwo Depite Gabriel Lyonel Jean


 
 
 

Comentários


Recent Posts
Archive
Search By Tags
Follow Us
  • Facebook Basic Square
  • Twitter Basic Square
  • Google+ Basic Square

© 2018 by Radio Télé Acajou Lascahobas Centre Haiti

  • Facebook - Grey Circle
  • LinkedIn - Grey Circle
  • Google+ - Grey Circle
bottom of page