top of page

Radio Télé Acajou

102.7 Fm Stéréo| Canal 07 tv

Featured Posts

Vizit minis espò nan Laskawobas.

  • Writer: Radio Tele Acajous
    Radio Tele Acajous
  • Dec 3, 2018
  • 4 min read

Minis Jenes ak espò a te vizite laskawobas jodia Sàmdi 1e Desanm lan. Minis Edwin Charles fè konnen se swit ak demach Depite Gabriel Lyonel Jean e sou demand Prezidan Jovenel ki mennen delegasyon sa a nan komin nan. Avoka ak kad ministè li a te vizite pak sen Gabryèl, rankontre ak reprezantan ASL yo, reprezantan administrasyon kominal la e reprezantan biwo Depite Laskawobas la.

Li anviwon 3è nan aprè midi,nan antre courtoisie bar resto, polisye, ajan sekirite pran plas, mayo blan avèk logo ministè espò, Mèt Edwing charles déjà chita nan espas la ki tou prè mache laskawobas la. Sou de (2) tab nan fon restoran an, Depite Laskawobas la Gabriel Lyonel Jean e manb biwo li déjà chita ak delegasyon an. Telefòn nan men, palmantè a kontinye ap raple lòt envite yo arive delegasyon an.

*Eske teren n’ap jwe sou li kounye a reglemantè?* Se kesyon sa a minis lan adrese avè m antanke konsiltan biwo Depite a. mwen reponn li pa reglemantè nou envite w vizite l’ . konsa e kòm enjenyè sivil nou te kontinye pale sou enfrastriti pak la pa rapò ak dimansyon li e aksesibilite li. se te okozayon pou nou te pale sa espas la ka fè pou l akeyi plis disiplin espòtiv tankou baskètball, volleyball, hangball… e enstalasyon pelouz atifisyèl (kapèt) sou teren foutbol la.

Majistra Presler Jean, Peterson Revost ak met Joas Leon se denye moun ki pran syej sou tab diskisyon an.Mwen ta pral ouvri rankont lan ofisyèlman, Met Gaetan te tanmen deba a ak dantan laskawobas nan koze espò an ayiti. li te kontinye pou li te montre avan Laskawobas te gen yon pi bon plas sitou nan epòk enterejyonal yo. *Se laskawobas ak Mibalè ki t ap feraye nan foutbol la pou depatman an. Depi kek ane laskawobas pa reprezante nan ministè a. e ou ka jwenn moun lòt komin depatman an k’ap travay sou non Laskawobas, e pafwa ou sote sou yo k’ap reprezante laskawobas nan rankont, selon ansyen jwè e antrenè Gaetan.*

*Strikti k’ap fè jesyon nan wo e ba plato a gen pwoblèm, Sa a se pawol Leon Joas, yon responsab ASL.* Pa gen relasyon ant ministè a ak pyès asosyasyon espotif nan komin nan. *Menm lè yo ekri ministè a, ou pa jwenn repons sinon repons yo negatif.* Peterson Revost yon lot responsab t ap ajoute pou di *leta bliye nou (nan komin nan). e menm nan kesyon fòmasyon an tou se menm bagay.li te pwofite pou li te pran yon ekzanp sou difikilte manb COFI yo te rankontre nan oganizasyon chanpyona entèskolè pandan ane lekol (akademik) 2017-2018 la.*

*M dakò ke ak prezans ou minis se yon siy pou montre ke ministè espò komanse voye je sou Laskawobas sepandan Minis laskawobas dwe gen reprezantan li nan ministè a. menm si gen yon reprezantan ba plato déjà , men laskawobas se chef lye awondisman an.* Yon demand ki ta pral jwenn eko kote kodonatè e ansyen jwè Jean Roland Dartiguenave kite fè pati delegasyon an.

*Aktyèlman nou pral lanse « les jeux sportifs scolaires »* se konsa minis lan te komanse reponn ak sak t ap di yo. *Mwen panse fok gen koyezyon ki ekziste* . li fè kwè ke Prezidan Jovenel Moïse mande sou tout teritwa a dwe gen chanpyona eskolè. E pou kesyon fomasyon an t ap fe konnen koman li pral aji. *administrasyon mwen an ap retounen ak strikti ki okipe l de fomasyon yo tankou « l’ecole de l’espoir ».* minis lan di li panse reprezantan ministè a nan plato santral te ka sipòte piti koulye aktivite espò nan Laskawobas, nan ba yo balon, twofe elatriye. E li pwomèt laskawobas ap gen reprezantan li nan ministè li a.

Sou demand Depite ak lot laskawobasyen yo ; delegasyon yo, manb laprès nasyonal e lokal te pran direksyon Pak Sen Gabriyèl la apye. anpil moun tout laj nan popilasyon an swiv delegasyon an.

*Se sou teren sa a nou resevwa?* Avèk yon vizaj ki make sezisman , Se premye kesyon minis Edwing pral poze lè li rive. Se la minis lan te pwomet li pral fè rapò prese prese pou wè koman li ka chanje sitiyasyon an. Li mande pou Depite Lyonel kontinye kolabore jan l l’ap fè l la, an menm tan pou popilasyon an ak otorite yo cheche yon fim pou fè etid pwojè pak sen gabriyèl la. Pandan ke li menm pral travay pou è swivi ak etid sa a, ankadre chanpyona entèskolè yo, pèmèt laskawobas reprezante nan ministè li ya jan sa dwe fèt, amelyorasyon e menm konstriksyon pak sen gabriyèl selon nòm ak règleman nan domèn nan.

Aksyon si yo reyalize ta dwe pemet yon amelyorasyon nan sektè espòtiv la k ap gen enpak pozitif sou sosyete laskawobas la an patikilye. *Minis mwen se patizan sen Toma, se lè m wè m kwè, mwen vle pou aji pou pak Sen Gabriyèl vin pak espòtif sen gabriel, se konsa depite sikonskripsyon laskawobas la te konkli devan laprès.*

*Jeams Billandy PIERRE TOUSSAINT,Inj. E Jounalis,*

*Konsiltan nan Biwo Depite Gabriel Lyonel JEAN*


 
 
 

Comments


Recent Posts
Archive
Search By Tags
Follow Us
  • Facebook Basic Square
  • Twitter Basic Square
  • Google+ Basic Square

© 2018 by Radio Télé Acajou Lascahobas Centre Haiti

  • Facebook - Grey Circle
  • LinkedIn - Grey Circle
  • Google+ - Grey Circle
bottom of page