top of page

Radio Télé Acajou

102.7 Fm Stéréo| Canal 07 tv

Featured Posts

Gouvènman lokal Komin Laskawobas la enstale, Lawòy toujou fè pati Laskawobas !

  • Writer: Radio Tele Acajous
    Radio Tele Acajous
  • Jun 23, 2017
  • 3 min read

Jodia nan lokal Meri Laskawobas la vè midi tout preparasyon te déjà fèt pou akeyi nouvo eli kolektivite yo ki ta pral genyen pou yo enstale pa otorite ki gen konpetans pou sa Delege depatmantal, Vis Delege, Chaje misyon e an prezans lot otorite politik, jidisyè, polisyè e envite nan divès sektè nan komin nan Tankou Onorab Depite Lyonel Jean, Onorab Senatè Wilfrid Gelin pou n’ site sila yo sèlman.

Anba yon chalè nan yon espas ki te ranpli ak Otorite sa ki la, sa ki ap sòti e sila yo k’ap antre, Se Nan ambyans sa a, Majistra Fedguer ta pral pran La pawòl ak yon diskou pou ouvri seremoni ki te genyen kòm mèt li Majistra Presler Jean. Apre Entèvansyon l’ lan ki te santre sou defi ke yo genyen pou leve ansanm ak tout otorite yo pou devlope komin nan, ta pral Gen Depite Lyonel ki ta pral pale de ansanm pwoblem li idantifye déjà nan santrevil e nan seksyon yo tankou simetyè, wout agrikòl, elektrisite elatriye. Onorab la fè pwomès l’ap toujou kote kolektivite a pou akonpaye yo nan tout sa k’ap fèt ki vize devlopman laskawobas.

Konsa, Senatè wilfrid te kòmanse li menm ak bilan travay li fè depi lè li antre nan 50è lejislati ayisyèn nan, li te pran pou ekzanp pòs DG ministè edikasyon nasyonal la kote Senatè sant lan t a fè konprann se li ki ki te dèyè Direktè sa a. Li te pwomèt l’ap akonpaye Eli yo tou nan pwojè yo ke l’ap genyen pou fè swivi ak lòt de Senatè Sant yo.

Se te pral tou pa Eli yo, ki te 33 anviwon, ki ta pral pran Lapawòl apre yon manb nan yon delegasyon ki te sòti nan ministè enteryè pou okazyon an te fin pale e entèvansyon Kòdonatè Kazek Ti-Fon k’ap sòti a ki t’ap mete kèk presizyon paske selon li pa t’ envite ni pa ministè titèl li ni meri laskawobas la, men se zanmitay li ak kòdonatè tou nèf la Wesly Domond ki fè li prezan. Manb Ministè a te tou pwofite mande pou yo pase tout sa ki nan men yo ki se byen enstitisyon ke yo t’ap dirije a. Eli yo, nan 3 seksyon komin laskawobas la, t’a pral pran la pawòl . konsa Mèt seremoni an te rele KAZEK Wesly ki sòti 1è seksyon TiFON, apre Kodonatè Moïse ke yo rele Duvalier tounen paske li te la déjà e Kodonatè Guerrier ki popilè anpil e ke yo plis konnen l’ Lahoy sou non Boutyèl , Kodonatris katèl Delege vil laskawobas Roselinda Moralien e Kodonatris AZEK wanpa tout te pran lapawòl pou yo mande nan yon premye tan sipò ak kolaborasyon lòt otorite yo pou yo ka bay bon rezilta. E Kazek Lawoy la te tou fè ansanm otorite ki te la yo konnen ke fòk yo respekte otorite l’ nan seksyon li an e fò li enfòme menm de prezans yon lòt otorite k’ap vinn vizite seksyon li an. N'ap note, mwa pase yo, gen otorite ki te sòti Tomond vin n' Lawòy kòm kwa Lawòy se 4è seksyon Tomond sa ki te fè anpil pale nan medya lokal, nasyonal e rezo sosyo yo.

Enstalasyon sa a, montre a klè ke Lawòy se anndan laskawobas li ye. Wi, te gen anpil traktasyon e Depite Lyonel te mennen anpil demach ak fòs viv lawòy yo, ansyen e nouvo otorite Lawòy yo pou seksyon sa a pa al 4è seksyon Tomond. Pase devan komisyon enteryè nan Chamb Depite a, tonbe devan Minis ak Direktè ministè enteryè, Depite a toujou kote popilasyon Lawòy la pou satisfè revandikasyon yo ; Se pou sa, li depoze déjà yon lwa nan palman an pou rezoud pwoblèm delimitasyon teritoryal sa a.

Avan nou fini, n’ap di menm jan ak santrevil la ke Depite gentan fè demach e jwenn yon pwojè kreyasyon Bibliyotèk, li déjà mennen anpil demach pou elektrisite e wout agrikòl pou pi piti blayi nan seksyon yo ak zòn nan santrevil ki merite sa, déjà EDH gentan fè etid pou seksyon Tifon li manke Lawoy ak Nan pouli ki déjà komanse rasanble materyèl k’ap bon pou sa.

Laskawobas jodia a gen tout eli kolektivite yo, ki pral la pou jere seksyon yo e kontwole komin nan. Sonje jan Onorab Depite Lyonel di a : nou gen obligasyon pou nou bay rezilta, popilasyon ap tann nou...

Jeams Billandy Pierre Toussaint,

Ing. Civil, Etudiant en Sc. Juridique,

.


 
 
 

Yorumlar


Recent Posts
Archive
Search By Tags
Follow Us
  • Facebook Basic Square
  • Twitter Basic Square
  • Google+ Basic Square

© 2018 by Radio Télé Acajou Lascahobas Centre Haiti

  • Facebook - Grey Circle
  • LinkedIn - Grey Circle
  • Google+ - Grey Circle
bottom of page