top of page

Radio Télé Acajou

102.7 Fm Stéréo| Canal 07 tv

Featured Posts

Depite Gabriel Lyonel Jean fè pati ansanm 16 Depite e plis ki mande Entèpelasyon Premye Minis la, Do

  • Bureau du Député Gabriel Lyonel Jean
  • May 6, 2018
  • 2 min read

Kèk Rezon ki pouse Depite Gabriel Lyonel Jean fè pati ansanm 16 Depite e plis ki mande Entèpelasyon Premye Minis Jack Guy Lafontant. Avan Biwo Depite a ap raple ke Onorab la te vote Doktè Lafontant ak gouvènman l lan e li te di, n'ap site: "Premye Minis m'ap vote w' e se yon vòt Politik M'ap ba ou" . Reprezantan Laskawobas la, ke nou te vote a e ki eli depi premye tou, aprè anpil tan l’ap pasyante e mennen demach administrativ yo pou wè kòman pwomès sa yo te ka tounen yon reyalite, jije li tan pou PM nan ak lòt minis konsène yo vinn reponn kesyon ke li menm se pral tou pa li pou l' reponn popilasyon sa a ki te vote l menm jan ak lòt eli yo pou yon chanjman.

Men kèk bagay Laskawobas dwe benefisye nan Nan Pwogràm envestisman piblik ekzèsis fiskal 2017-2018, Biwo Depite Gabriel Lyonel Jean ap raple se sa ki te pouse reprezantan sikonskripsyon Laskawobas nan 50è lejislati a te Bay vòt la an favè deklarasyon politik jeneral premye minis lan. Pwojè sa yo te fè objè negosyasyon e te oryante vòt depite a anfavè deklarasyon premye Minis lan e egalman vòt lwa finans 2017-2018 la.

Men pou moman sa a, menm jan ak lòt 15 kolèg Depite yo, sanble Gouvènman pran yon lòt wout. Se nan sans sa Biwo Depite Laskawobas la ap denonbre kèk pwojè ki gen rapò ak Sikonskripsyon an, bay montan e kòd yo nan dokiman , e ou menm w’a fè analiz pa w’:

-Rehabilitation du contournement des villes de Lascahobas et Belladère code: 1114-1-12-53-44

-Construction du Lycée à Casse 3eme section communale de Lascahobas Montant: 5 Millions gourdes code: 1311-1-12-53-72

-Construction du Lycée à Casse 3eme section communale de Lascahobas Montant: 5 Millions gourdes code: 1311-1-12-53-72

-Electrification de la section de Petit-Fond Montant: 5 Millions gourdes code: 1114-1-12-55-46

-Rehabilitation de 4 infrastructures de santé dans le département du centre (Lascahobas, centre, Belladère et Savanette) code 1313-1-12-52-32

-Fonds Locaux d’aménagement et de Développement du territoire des communes du Département.


 
 
 

Comments


Recent Posts
Archive
Search By Tags
Follow Us
  • Facebook Basic Square
  • Twitter Basic Square
  • Google+ Basic Square

© 2018 by Radio Télé Acajou Lascahobas Centre Haiti

  • Facebook - Grey Circle
  • LinkedIn - Grey Circle
  • Google+ - Grey Circle
bottom of page